Rejyon

Prezentasyon rejyon ak pwogram

Aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la, gen gwo chanjman  ki fèt onivo estrikti ITECA.  Ensstitisyon an  te wè nesesite pou l pi pre òganizasyon peyizan patnè yo.  Pwojè desantralizasyon a vin elaji (te déjà gen biwo Gwomòn) avèk kreyasyon 2 nouvo  biwo sou teren an, Savanèt ak Senmak.  Pou kounye a ITECA genyen biwo ak enfrastrikti nan 4 komin: Gresye, Gwomòn, Senmak ak Savanèt.

Gresye

Prezantasyon jewografik

Gresye se yon komin ki nan awondisman Pòtoprens, li chita a 16 kilomèt Pòtoprens. Sou kote Nò li, Gresye gen Gòlf  Lagonav , sou kote Lwès li gen plenn Léwogàn, sou kote Sid li gen Masif Lasèl. Komin Gresye mezire 102.60 mèt kare.

Gresye gen 3 seksyon kominal ; premye seksyon an se Mòn a Bato, dezyèm nan se Mòn a Chandèl epi twazyèm seksyon an ki se  Ti Boukan. Gresye gen yon popilasyon ki evalye a 33.153 moun, ki repati konsa: 16.643 gason ak 16.509 fanm.

Aktivite ki pi enpòtan nan Gresye se agrikilti, elvaj, ak lapèch. Gresye se yon komin ki bò kote lanmè.

Aktivite ak pwogram ki devlope

Fèm agrikòl la

ITECA  chita Gresye depi plis pase 30 lane. Nan Sant Fòmasyon li an ki nan Ti Boukan, ITECA gen yon fèm agrikòl ki gen aspè edikatif, pwodiktif ak eksperimantal.  Pwodiksyon siwo myèl okipe yon plas  enpòtan nan fèm nan. Siwo nou rekòlte a nou mete l nan boutèy pou nou vann li. Nou fè divès kalte lòt elvaj tankou : elvaj poul, kana, lapen, kabrit amelyore ak kochon.

Sant fòmasyon an se yon espas kote jèn gason ak jèn fanm  ki soti nan diferan òganizasyon  vin aprann epi pataje eksperyans yo.  Ckak lane yo soti nan yon rejyon diferan.

DSC_1705

pigs DSCN0870

Pwojè dlo potab pou zòn Marechal ak ozanviwon li yo

Devan gwo difikilte  popilasyon an tap konfwote apre katastwòf 12 janvye a, ITECA te mobilize l pou l  pote sekou a moun Ti Boukan. Yonn nan aktivite ijans ITECA tap jere se kesyon dlo potab la paske sistèm  ki te konstwi depi lane 2004 la  ki tap fonksyone trè byen avan 12 janvye te sibi gwo domaj.  Sistèm sila mezire kounye a 15 km ak 12 fontèn, 12 kyòs epi anviwon 200 abone.  Se CAEPA Ti Boukan ki jere sistèm sa a.  Sous dlo chita nan lokalite Digo.

Gen yon lòt sistèm dlo potab ki kòmanse konstwi ki ap bay dlo nan 8 lokalite kote peyizan yo ap viv. Tankou Marechal, Granrivyè, Kazal, Gransavann, Sou savann, Granbori, Bonyòt ak Kabwa. Pwojè sa a se Oxfam Quebec ki  bal bourad lajan, objektif pwojè sa a se pou ede moun nan lokalite sa yo rezoud pwoblèm dlo potab yap konfwonte depi lontan.

Sistèm sa gen ladan l yon liy prensipal ki kouvri 15 kilomèt kare, yon rezèvwa ki ka kenbe 100 mèt kib dlo, ak 14 kyòs ki pou distribiye dlo nan plizyè lokalite. Sous  sa a  ki kapte a chita nan lokalite Guirand nan zòn Sidès. Transpò dlo a fèt ak tiyo polyetilèn.

DSCN9172 DSCN9047

Pwojè rekonstriksyon an

Tranblemanntè 12 janvye 2010 a te frape peyi Dayiti trè fò. Se tranblemantè ki pi terib ki frape zòn sa a. Komin Gresye ki te tou pre episant tranblemanntè a (10km) te pran gwo sekous, li te sibi anpil dega.Touswit apre Goudougou a ITECA te mennen yon ankèt nan seksyon Ti Boukan an ki konsène 1783 fanmi nan 18 lokalite. Kantite dega ki te fèt yo bay pousantaj  95.34% kay ki te kraze oubyen ki te andomaje anpil. Jan popilasyon an te vin vilnerab la te parèt aklè (46%) moun yo tap mal manje epi yo pat ka jwenn dlo potab. Se nan kontèks difisil  sa a ITECA te   pran  desizyon  pou ede moun Ti Boukan  rekonstwi kay yo, lè li lanse pwojè rekonstriksyon 1700 kay  pèmanan ak parasismik anfavè popilasyon ki viktim nan tranbleman tè 12 janvye 2010 la.

Kijan pwojè a ap vanse

  • 100 kay nan 10 lokalite diferan te konstwi pandan faz pilòt ak patnè sa yo : CAFOD, CARITAS Suisse, Dévelopment et Paix Kanada, TROCAIRE, Oxfam America ak Fokal.
  • Faz #1 kote pwojè ap  vanse ak konstriksyon 50 kay nan lokalite Soukafou ak konkou ICCO, yon patnè  ITECA depi lontan.
  • Faz  #2 kote pwojè a ap kontinye  vanse  ak konsriksyon 400 kay ak konkou Developpement et Paix Canada.  Gen 50 patisipan nan seri sa yo  ki te jwenn kle kay  nan premye seri kay sa yo, pandan inogirasyon ki te fèt 5fevrier 2013 la. 40 lòt kay deja fini depi 20 avril 2013.
front
2 homes

Apwi nan sekirite alimantè

Apre tranblemantè 12 janvye 2010  la, gen yon bann  jèn  ki tap viv nan Pòtoprens ki te retounen viv nan zòn  riral yo.Ti Boukan te gen anpil jèn ki te retounen tou. Nan kontèks sa a,  te gen anpil fanmi ki te oblije resevwa 3 ak 4 nouvo moun nan fanmi  yo.  Sitiyasyon sa a te fè rezèv manje moun yo te gen nan seksyon  an te bese anpil, sa te kòmanse  bay ratman nan manje .

Se nan sans sa a ITECA te mete sou pye yon pwojè sekirite alimantè ak konkou CCHC Canada pou 500 jèn soti 18 pou rive 30 lane. Pwojè sa a te gen 2 objektif : 1) Kreye richès ak travay nan zòn nan. 2) Fè mwayen pou amilyore yon fason dirab sekirite alimantè nan lokalite sa yo. Pwojè sa te vize pou apiye pwodiksyon poul ak kòk amelyore ki soti nan ras (Large barred plymouth rock) ou Rhodes Island Red) nan lokalite Ti Boukan.

Chak jèn te resevawa 16 poules ak 2 kòk. Tout jèn sa yo te pran fòmasyon  nan Sant Fòmasyon ITECA  a sou teknik elvaj sou diferan tèm sa yo : Diferan kalite ras poul, manje pou bay poul, diferan tip poulaye, vaksinasyon ak swen veterinè.  Tout jèn sa yo te resevwa tou yon fòmasyon nan jesyon ak kontabilite ki ka pèmèt yo jere yon ti antrepriz. ITECA te bay yo bourad nan ede yo vann ze poul yo. Nan kad pwojè sa a  gen yon enkibatè ( aparèy ki pou kale ze ) ki ka kenbe 19.200 ze kite enstale nan Sant fòmasyon an.

Ekibasyon ze (8e jou) (1)1

Radyo Ti Boukan FM

Padan lane 2012 lan  ITECA te reyalize yon pwojè reyabilitasyon enfrastrikti ak bourad pou soutni eksplwatasyon agrikòl  ak konkou Oxfam Québec. Pwojè sa a te favorize enstalasyon yon radyo kominotè  nan Sant Fòmasyon ITECA. Gen yon trantèn jèn  volontè ki te pran plizyè seyans fòmasyon  sou divès tèm ki konsène radyo kominotè, tankou enpòtans yon radyo kominotè nan yon kominote, kominikasyon popilè, teknik entèvyou , repòtaj,  sosyodram ak animasyon radyo. Jèn sa yo manisfeste anpil enterè pou radyo epi se yo menm ki prensipal animatè radyo a. CONATEL  te soti yon dekrè pou otorize radyo kominotè yo fonksyone. Se SAKS (Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal) ki ankadre radyo kominotè yo.

Gen plizyè lòt aktivite pwojè sa te reyalize :

  • Reyabilitasyon kanal irigasyon kote rivyè Tapyon ak ravin Nikòl kontre
  • Reyabilitasyon  wout ki travèse ravin Koray ki nan seksyon Ti Boukan
  • Apwi nan pwodiksyon agrikòl nan kilti manje tankou : yanm, manyòk, ak elvaj tankou: kabrit, kochon, pwason ak lapen.
  • Enstalasyon 40 silo pou estoke semans pwa
  • Pwodiksyon 10000 plantil pye bwa
  • Reyabilitasyon mache Lakolin
  • Konstriksyon yon kasavri modèn

Fòmasyon nan sante moun

Depi lane 2010, ITECA kòmanse yon pwogram fòmasyon pou pwomotè santé kominotè pou ranmase kesyon ijyèn ak fè prevansyon nan lokalite ki pi lwen nan Ti Boukan.  Pwogram sa reyalize ak kolaborasyon yon gwoup pwofesyonèl fransè ki espesyalize nan Lamedsin ki rele SFD(Santé Formation Développement).  Pwogram genyen pou kounye a 8 ajan santé, 24 pwomotè santé ak 12 matwòn.

Sant fòmasyon ITECA

Sant  fómasyon ITECA chita nan yon anviwonman ki chaje ak pye bwa , ki byen kalm  kote  w toujou byen dispoze pou travay epi wap jwenn bonjan akèy tou. Se yon espas ki byen apwoprye pou fè seminè ak  fòmasyon.

Sant  fomasyon ITECA gen ladanl:

  1. Yon sal fòmasyon ki ka pran 150 patisipan
  2. Twa dòtwa ki ka resevwa 60 moun
  3. Yon  refektwa kote w gen posibilite goute bon manje lakay
  4. Yon choukounèt pou travay nan bon jan van
  5. Elektrisite 24/24, 7/7
  6. Pakin ak espas foul sekirite

 Nou mèt vin  dekouvri  grap plezi wap jwenn  kote wap ka travay epi divèti w san kè sote nan lapè ak lajwa nan yon anviwonman  pwòp bèl epi trankil.

5 0

3 0000

Adrès sant fòmasyon
Gresye, nan antre mache lakolin, wout Bèlvi
Tel :(509) 2228-1378, (509) 3717-8826, (509) 3716-3869
ccdfiteca@yahoo.fr

Gwomòn

Prezantasyon jewografik

Nou jwenn Komin Gwomòn nan depatman Latibonit.  Li gen yon sipèfisi 397 kilomèt kare, popilasyon li estime a 141587 moun.  Komin Gwomòn bòne nan Nò avèk komin Senlwi di Nò, nan Sid avèk komin Gonayiv ak Tènèf,, nan Lès avèk komin Pilat, Bòyak Gonayiv, nan Lwès avèk komin Tènèf ak Basen Ble.

Li genyen 8 seksyon kominal : Boukan Richa, Rivyè Mansèl, Rivyè Blanch, Akil, Pandi, Savàn Kare, Moulen, Ravin Gwomòn.

Aktivite ak pwogram

Ekosistèm peyi Dayiti favorize divès kalite kilti fwi.  Ekosistèm Komin Gwomòn gen kapasite pou pwodui  mango, patikilyèman mango Fransik la.

Selon plizyè estimasyon, pwodiksyon mango nan peyi a pou yon ane se 200000 ak 400000 tòn. Komin Gwomòn li menm sèlman reprezante 40% pwodiksyon an.

Nan lane 2008, ITECA te devlope, avèk sipò Inyon Ewopeyèn, yon pwojè pou « Apiye pwodiksyon ak komèsyalizasyon mango Fransik nan Gwomòn.  Pwojè sila te gen pou objektif patisipe nan valorizasyon pwodiksyon mango a nan rejyon an nan ogmante kantite mango ki ka vanne pi ki ka vann lòtbò dlo.  Pwojè sila a te vize tou pou redwi defisi ki abitye genyen sou mango a nan balans kòmèsyal nasyonal.

DSCN3512 DSCN3521
Rezilta:
  • Yon koperativ pwodiksyon mango kreye, ki rele KOPKOMFG (Koperativ Pwodiksyon ak Komèsyalizasyon Mango Fransik Gwomòn).  Se yon Konsèy Administrasyon ki gen 7 manm k ap jerel.  Koperativ sila gen pou kounye 1400 manm
  • 65 vèje mango rive plante
  • 30 000 douzèn mango rive vann pandan 3 dènye ane yo (2010, 2012, 2013)
  • Pwodiksyon mango rejenere avèk enplantasyon 55 vèje epi « surgreffage » 2000 mangye
  •  Mango yo trete pi byen epi estoke nan pi kondisyon anvan yo vann.  Pwodiktè yo vin pi abil nan negosye avèk ekspòtatè yo
  • Kantite mango ki ekpòte vin plis, sa kreye divès debouche

Pwojè sila pral kontinye avèk patnè nou CCFD-Terre Solidaire ak TROCAIRE avèk plis pase 2000 pwodiktè mango.

Aprè tranbleman tè janvye 2010 la, ITECA mennen aktivite nan domèn agrikilti ak elvaj yon fason pou amelyore kondisyon lavi peyizan yo.  Pwogram sila devlope  prensipalman ak 2 regwoupman  òganizasyon; ROPYAMFG (Regwoupman òganizasyon  Mazandou Gwomòn) ak REFAPMAJG (Regwoupman fanm peyizan Marijàn Gwomòn).  Pwogram sila a gen 2 objektif :

  • Travay pou ranfòse dwa lamanjaj nou.  Plis pase 2000 fanmi jwenn semans pwa nan sans sa.
  •  Pote kole nan aktivite ekonomik nan 8 seksyon kominal Gwomòn

Rezilta ki jwenn:

  • Distribisyon 44 tòn semans pwa nwa, pwa souch, pwa kongo, mayi, pitimi bay plis pase 2200 fanmi peyizan (Agrikiltè ak agrikiltèz)
  • Distribisyon 404 kabrit ak  14 bouk amelyore bay plis pase 150 fanmi
  • Konstriksyon 14 sant/ pak  pou bouk amelyore
  • Apwi  teknik  a 65 pwodiktè mango pou suivi  65 vèje mango sou yon sipèfisi 0.25 ca.

Adrès biwo Gwomòn
Gwomòn, Kanifis, wout Pòdpè
Tel : (509) 3717-8543, (509) 3734-3433
critecagrosmorne@yahoo.fr

Senmak

Prezantasyon jewografik

Nan komin Senmak ak Vèrèt ki nan depatman Latibonit ak  Akayè ki nan depatman Lwès, ITECA  ap menmen aksyon bò kote òganizasyon peyizan yo apati biwo rejyonal li ki tabli nan nan komin Senmak. Tou lè twa (3) komin sa yo ki fòme rejyon an vwazen youn ak lòt, malgre yo twouve yo nan 2 depatman diferan, epi chita nan zòn ki pote non “Rejyon Mate” a.

Gen 8 seksyon kominal ki konsène pa entèvansyon  ITECA nan rejyon an: Delije, Bwa Nèf, ak Gwayavye, ki se youn apre lòt 1mye, 2zièm ak 3zièm seksyon komin Senmak; Dezam, Basyen, ak Tè Nèt ki se 4ièm, 5ièm ak 6ièm seksyon Vèrèt, epi 7tièm seksyon Fon Batis ak 6zièm seksyon Dyenèt ki nan komin Akayè. Genyen antou 175 000 moun konsa ki rete nan zòn sa yo. Plis pase 69 % nan popilasyon sila-a rete nan pati riral yo kote 93% moun kap travay yo konsatre nan domèn agrikilti.

Aktivite ak Pwogram

Pou kounye a, ITECA ap mennen ansanm ak patnè li yo, 2 gwo pwogram nan zòn nan: Pwogram entevansyon apre tranbleman tè (PROGRIP) kap fini nan mwa Dawou 2013, ak Pwojè Ranfòsman Kapasite Pwodiktif ak Òganizasyonèl (PRECO).

Premye a te lanse nan lane 2010 apre tranbleman tè a pou te ka repon ak defi nouvo kontèks la te poze. Pwogram sa a te soti apre yon pakèt refleksyon ki te fèt anndan ITECA avèk ansanm òganizasyon peyizan yo apre tranbleman tè 12 Janvye 2010 la sou konsekans katastwòf sila a te genyen sou peyizanri a, ki li menm pat frape direkteman men ki te afekte anpil akòz kantite deplase peyizan yo te resevwa lakay yo.

Dezyèm nan kapab konsidere  tankou prolonjman premye a ak nouvo pèspektiv nan entèvansyon ITECA ap menmen nan zòn nan. Pwogram sa a moutre nesesite pou bay jarèt ak estrikti òganizasyonèl ITECA te ede mete kanpe yo oswa te ranfòse atravè aksyon ki te deja mennen, nesesite pou peyizan yo jwenn bon jan akonpayman teknik ak fòmasyon, epi kreye enfrastrikti agrikòl ki kapab debouche nan amelyorasyon dwa lamanjay ak ekonomik popilasyon konsène yo.

An menm tan, ITECA kontinye ap mennen nan bon jan koyerans avèk pwogram sa yo, atravè biwo rejyonal la, divès lòt aksyon ki vize akonpanye ak ranfòse mouvman peyizan an.

Globalman, prensipal domèn ki fè lesansyèl entèvansyon ITECA yo nan rejyon an se :

  • Fòmasyon
  • Ranfòsman òganizasyonèl
  • Pwodiksyon vejetal ak elvaj
  • Rapò Fanm-Gason (jan)
  • Kreasyon enfrastrikti agrikòl
DSCN1271
DSCN1440

Adrès biwo Senmak
Bwa nèf, wout Senmak
Tel : (509) 2228-3286
critecasaintmarc@yahoo.fr

Savanèt

Prezantasyon jewografik

komin Savanèt gen aspè yon vale tou dwat, li bare ak 2 gwo mòn. Li mezire 201.07 km². Li gen 29700 moun kap viv ladann ak yon, li genyen 2 seksyon kominal (PDC de Savanèt).

Premye a rele Kolonbye, li mezire 69.45 km² ak 8000 moun kap viv ladann. Dezyèm seksyon an rele Layay, 131.62 km² ak 7000 moun kap viv ladann (PDC de Savanèt)..

Se yon komin kigenyenfwontyèli akRepiblikdominikèn, nan zòn sa yo plante plizyè kilti tankou: mayi, diri, pwa nwa, pwa kongo Pwa enkoni, legimyo, yanm, kafe, manyòk, fri tankou zoranj, sitron, chadèk, papay, elatriye.

Aktivite ak Pwogram

Aktivite tankou elvaj

Nan lide pou pote yon amelyorasyon nan kondisyon sosyal ak ekonomik jèn fi tankou gason kap viv nan komin sa, ITECA ap menn yon projè elvaj poul ki fè ze ak vyann tankou poul zenga ak poul rouj ansanm ak jèn yo.

Aktivite ede fanmiy peyizan yo jwenn grenn nan moman plantasyon yo

Pou ede fanmiy peyizan rive jwenn grenn nan moman plantasyon yo, epi redwi sousi chechè grenn pou yo plante, ITECA ap ede fanmiy peyizan yo mete kanpe yon bank rezèv grenn (sa nou rele bank semans atizal) nan lokalite a, pou yo genyen grenn disponib nan moman sezon yo pral kòmanse pou yo kapab plante.

Aktivite devlope filye zaboka nan komin Savanèt

Nan lide pou ede fanmiy yo nan komin nan ogmante kantite lajan yap antre nan vann zaboka, ak ogmante kantite pye zakoka ki nan komin nan, ITECA ap akonpaye pwodiktè yo pou mete kanpe yon asosyasyon pwodiktè zaboka nan lokalite a.

Aktivite ki gen pou wè ak ranfòse òganizasyon yo nan revandikasyon yap mennen

Nan akonpayman ITECA ap bay fanmiy peyizan yo, gen yon travay sansibilizasyon ki profite fèt pou ede peyizan yo konnen dwa ak devwa yo genyen. ITECA fè fòmasyon sivik, politik ak sosyokiltirèl pou manb òganizasyon yo nan lide pou yo rive konprann wòl yo kòm aktè sosyal.

se pwòp moun ki kapab pote yon chanjman nan kominote  yap viv la.

*PDC : Plan de Développement Communal

0
00

Adrès biwo Savanèt
Kowos
Tel : (509) 2228-3305
critecasavanette@yahoo.fr

© 2017 ITECA | Design Theme by: D5 Creation | Powered by: WordPress